Overblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog


Move lè

Publié par Anderson Dovilas sur 14 Novembre 2012, 19:03pm

Catégories : #Pwezi

                                Male        

Map veye lonbray mo, poum voye parabòl lan mou ba ou. Nou pap pile menm tè, men syèl la pa mezire. Yo dim lè solèy leve bò lakay ou son vwayel an sispan lap niche, bò lakay pam li se yon demwazèl po jòn k’ap dewoule je dou. Lanmou pa janbe dlo, lamès pa gen fontyè, map veye lè van an marasa ma ekri fòm lavi pou ou.

Lè madanm ou pa la se yon rèv lwen bondye zanmi m’, tout ryèl fèmen pòt pagen kwen pou chofe. Kaban pa repozwa, se desten maladi, pale nan fèy twonpèt pa ka fè vwa gwosi. Map veye rès silans poum pyese yon souri pou ou. Mwen kouche longè kòm, m’ap ekri jan wap chanje bò nan bèl pwojè cheri. Toupatou sou latè pwoblem lòm anjandre, gen remò do bosi, se te marèl pou dous yon tan. Kijan moun dezabiye lè maryaj ranvwaye ? pwoblèm yon tas kafe, pa yon kout peny vwazinay. Men lapli kap devwale tèt mòn anba yon tan baskile se temwayaj yon move pwosè lè rezon moun likide pou dous.

Yon tikal nan Besetriye...Novanm 2012...

Anderson Dovilas

Pour être informé des derniers articles, inscrivez vous :
Commenter cet article
D
hum j'aime ce texte
Répondre
P
Felisitasyon pou kokenn pwezi sa a zanmi, ke m bat tololo le je m kanni sou bel teks konsa. Kenbe fem...
Répondre

Archives

Nous sommes sociaux !

Articles récents